13 Novanm 2018 – 13 novanm 2020, kolektif Défenseurs Plus ap mande jistis ak reparasyon pou moun lasalin aprè masak kriminel la

 

Dat 13 novanm nan fè egzakteman 2 lane depi asasen  san  manman ak san papa te touye  plis pase yon ventèn moun nan katye Lasalin. Anplis moun ki pèdi lavi yo,  gen yon douzèn ki disparèt epi gen lòt dizèn ki blese. Plizyè gwoup gang te mete tèt yo ansanm pou brile, vyole, rache, epi jete kò viktim yo sou pil fratra, pandan 14  èd tan (ant 13 ak14 novanm 2018), san  otorite lapolis yo pat reyaji pou pote popilasyon an sekou. kolektif Defenseurs Plus, ap pwofite  dat senbolik sa pou li kontinye mande jistis ak reparasyon pou sila ki  viktim yo.

Apre tout tan sa, kolektif Defenseurs Plus  konstate lajistis pa janm rive mete lapat sou tout moun ki fè kalte krim sa, malgre  gen òganizasyon dwa moun nan nivo nasyonal ak entènasyonal ki pwodui rapò sou dosye a. Rapò sa yo lonje dwèt sou kèk fonksyonè piblik, reprezantan Leta, ki ta sanse enplike nan komèt zak sa a. Poutan moun sa yo pa janm al reponn kesyon lajistis.

Kolektif Defenseurs Plus ap raple masak Lasalin nan, se pa premeye ni dènye ki fèt sou popilasyon an.  Nan s èlman  manda prezidan Jovenel Moïse la, gen plizyè masak ki fèt sou popilasyon e lajistis pa janm pwononse l sou yo. tankou : masak Lasalin, Kafoufèy, Bèlè (pandan

2 fwa), Pon wouj, Nodwès… Mete sou sa, jodi a  popilasyon an toujou ap sibi konsekans fenomèn ensekirite a sou tout fòm akoz  libètinay bandi ak zam genyen patou sou teritwa. Lis viktim yo ap grandi chak jou pi plis, zak kidnaping yo ap monte pi wo degre zak asasina pa janm sispann repete.

 Kolektif Défenseurs Plus, ap mande otorite lajistis, yo pou pèmèt dosye (masak Lasalin nan)  vanse paske jouk kounye a li rete bloke nan  pwojè rekizasyon devan lakou kasasyon . Tout moun ki ta enplike nan masak sila, kit se ta otorite politik, oubyen ajan PNH non yo site, dwe tonbe sou sanksyon lalwa.  Yon lòt bò, l ap mande jistis pou tout viktim  masak yo ak asasina yo , yon fason pou frennen enpinite k ap taye banda nan peyi a depi dikdantan. Lajistis dwe mete men nan kòlèt moun ki komèt krim sou kèlkeswa fòm, yon fason pou Leta reponn ak egzijans li genyen pou li pwoteje dwa lavi moun, jan sa mansyone nan pak entènasyonal sou dwa sivil ak politik Ayiti siyen. Pap janm gen lapè, si nou pa bati yon sosyete ki  chita sou jistis ak ekite.

 

Pòtoprens, 13 Novanm 2020

 

 

Jemps DERALUS

Responsab Sèvis Jiridik

(509) 37 48 22 18

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :