Atak ak zam sou lokal kolektif Défenseurs Plus

Kolektif Défenseurs Plus, kondane ak tout fòs li atak ki fèt sou lokal biwo l nan lannwit dimanch 20 septanm 2020   an. Défenseurs Plus se yon òganizasyon  k ap goumen lontan pou respè dwa moun nan peyi a, sitou dwa lavi, lamanjay ak sekirite. Kidonk, se avèk anpil etónman li  konstate zak sa kote endividi li pat rive idantifye tire nan wotè moun sou lokal biwo l.

Défenseurs Plus ap kontinye mande otorite leta yo pran responsabilite yo nan garanti dwa lavi, dwa sekirite tout sitwayen ak sitwayèn nan peyi a. Li pwofite mande otorite lajistis yo pou louvri bon jan ankèt sou kalte zak vyolans sa ki fèt kont enstitisyon an   ak  sou latriye zak  sasinay ki pa sispann fèt nan repiblik la. Nap raple tout moun, Défenseurs Plus se yon òganizasyon k ap fè pwomosyon ak defann dwa tout ayisyen depi plis pase 6 lane, k ap batay pou emèjans yon sosyete kote gen jistis pou tout moun.

 

Pòtoprens, 22 septanm 2020

 

                                                                                                                                             Samendina JEAN

Responsab Kominikasyon

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :