« Défenseurs Plus » ap denonse konpòtman aktè sistèm jistis la fas ak vyòl sou tifi nan komin Beladè 

« Défenseurs Plus » anrejistre anpil ka vyòl ki fèt sou tifi nan komin Beladè. E malerezman gen majistra ak komisè gouvènman ki pa trete ka sa yo tankou krim, jan sa ye nan kòd penal ayisyen an. Paran viktim yo dekouraje pote plent dèfwa paske agresè yo peye oubyen gen relasyon zanmitay ak yon aktè nan sistèm jistis la, sa ki pèmèt yo pa pini. « Défenseurs Plus » vle raple aktè sistèm jistis la, espesyalman sa ki nan jiridiksyon Mibalè a, se devwa yo pou yo mete popilasyon an ankonfyans lè yo viktim. Li vle raple tou timoun se yon èt vilnerab, tout moun dwe pwoteje yo. Se youn nan rezon ki fè kòd penal ayisyen prevwa gwo sanksyon pou moun ki vyole tifi (atik 279 rive nan 281).

Défenseurs Plus” estomake devan atitid aktè nan jiridiksyon Mibalè devan krim ki fèt sou Mona Mortus (15 zan) kote M. Thomas Baptiste ki gen non jwèt Babi, te pati avè l al sou teritwa dominiken yo, vyole l, ansent li e kontinye ap mainipile l nan telefòn. Zak sa pase nan fen ane 2019 la. Minè sa se pitit youn nan jij de Pè nan Beladè. Sa pa anpeche malgre demach jij sa a, relasyon zanmitay agresè a ak kèk aktè nan sistèm jistis la pèmèt li lib toujou alòske kòd penal ayisyen an prevwa pèn pou moun ki rantre nan relasyon seksyèl ak yon timoun. « Défenseurs Plus » vle denonse explwatasyon seksyèl, trèt timoun, vyòl, detounman minè ak sekestrasyon ki fèt sou yon timoun 15 zan e ki rete enpini.

Défenseurs Plus” nan sousi pou kontinye defann dwa moun nan peyi a, mande dwayen tribinal premyè enstans Mibalè a ak komisè gouvènman Pakè Mibalè a pou yo aji nan fason pou chak aktè jiridiksyon an kontribiye pou koupab yo ka pini e pou viktim yo ka jwenn jistis. Espesyalman nan ka ti pitit sa viktim e koupab la kontinye ap viv tankou anyen pat pase. « Défenseurs Plus » mande Minis jistis la ak manm Konsèy siperyè pouvwa jidisyè a pou yo voye zye e jwe wòl yo nan Pakè yo ak Tribinal yo. Espesyalman pou yo voye je sou dosye ti pitit sa. Paske youn nan rezon ki fè gen pèn pou moun ki fè yon enfraksyon, se pou anpeche moun sa rekòmanse. « Défenseurs Plus » egjije jistis pou ti pitit la pou anpeche M. Thomas Baptiste vyole yon lòt timoun.

 

Pòtoprens, 27 me 2020

 

 

Antonal MORTIMÉ

Youn nan Direktè yo

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :