« Défenseurs Plus » mande Lajistis pou l trase yon egzanp sou zak kriminèl nan peyi a ak lanmò Prezidan Jovenel Moïse

Nouvèl asasinay Prezidan Jovenel Moïse choke moun toupatou an Ayiti ak lòt peyi, Kolektif « Défenseurs Plus » yon òganizasyon k ap milite pou fè dwa moun respekte an Ayiti, te kondane zak sa ak tout fòs li nan yon nòt li te pibliye 12 jiyè pase a. Nan nòt sa a, li te envite otorite peyi a pou fè limyè sou zak sasinay sila epi mande aktè politik yo ak sosyete sivil la pou chita epi jwenn yon konsansis pou gouvenans peyi a, nan moman difisil sa.
Kolektif « Défenseurs Plus » konstate lapolis gentan arete plizyè moun epi mete avi rechèch dèyè plizyè lòt kèk jou sèlman apre krim sa. Òganizasyon an bat bravo pou gwo travay sa otorite nan lapolis la ap fè. Men l ap mete yo an gad kont tout mache prese ki kapab lakoz ankèt la bakle. Sa ki ka pèmèt gwo potanta ki dèyè krim sa chape poul yo pandan inosan oubyen mèsenè sèlman pran prizon ak kek tinèg nwa.
Ankèt sa bay lajistis okazyon pou trase yon egzanp sou krim k ap fèt ak sistèm enpinite ki blayi nan peyi a depi byen lontan. Nou espere ankèt sou lanmò Prezidan Jovenel Moïse la ap sèvi pretèks pou lajistis bay fanmi tout moun ki peri

 

nan masak ki fèt nan katye popilè yo dènye ane sa yo jistis. Menm jan tou pou fanmi Jean Dominique, Monferrier Dorval, Gregory Saint-Hilaire, Rospide Pétion, Antoinette Duclaire, Diego Charles, elatriye.
Leta gen obligasyon pwoteje vi chak sitwayen kap viv sou teritwa e bay jistis san paspouki ak sila yo ki pèdi lavi nan move kondisyon, pandan kriminèl yo ap taye banda epi fè awogans nan sosyete a.
Pandan l’ap salye kolaborasyon peyi tankou Etazini ak Kolonbi, Kolektif « Défenseurs Plus » ap envite anketè ayisyen yo fè anpil pridans pou bare tout tantativ pou ta antrave ankèt sila. « Défenseurs Plus » pa gen pretansyon dikte otorite yo fason pou yo fè travay yo, men li panse se enpòtan pou raple yo peyi ap tann jistis pou Prezidan Repiblik la (ak lòt moun ki viktim anba machin ensekirite a). Kidonk, yo dwe pran tout prekosyon nesesè pou ankèt la abouti, san yo pa mete sou kote lòt ankèt yo sou lòt viktim asasina yo sou teritwa nasyonal la.

Pòtoprens, jou ki 20 jiyè 2021

 

Antonal MORTIME
Youn nan direktè yo

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :