Apèl pou respè dwa fanm ak tifi yo pandan kriz sanitè a

Depi komansman lane 2020 an, mond lan ap konnen yon kriz sanitè san parèy, ki chanje mòd vi chak gren sitwayen. Pandemi mondyal sa lakoz lotorite peyi yo pran plizyè mezi pou limite pwopagasyon virus la. Bo lakay nou depi 20 mas nou sou eta dijans, kouvrefe, elatriye.
Kolektif Defenseurs Plus, konstate yon ogmantasyon zak vyolans ak vyolasyon dwa moun tankou vyolans domestik, vyòl, agresyon fizik kap fèt sou fanm ak tifi. Nan sans sa, Defenseurs Plus, mande leta pran responsablite pou l garanti dwa fanm ak tifi, menm nan eta dijans lan. Kriz sanitè sa pa dwe yon preteks pou enpinite blayi kòl nan peyi a. Defenseurs Plus ap mande lotorite yo founi je gade epi pran sanksyon kont tout ajan polis nasyonal la k ap maspinen moun nan lari a, kit yo se fanm kit yo se gason.
Vyolans k ap fèt sou fanm nan sosyete a te déjà yon gwo pandemi kap ravaje nou , se pou sa kolektif Defenseurs Plus ap mande fanm ak tifi yo rete veyatif , pote plent, veye move je. Fanm ak tifi pi ekspoze ak vyolans nan moman kriz yo. Leta gen pou devwa pwoteje dwa chak fanm respekte. Divès atik nan konstitisyon an ak nan CEDEF (convention pour l’elimination de la discrimination à l’egard des femmes) ki mande pou asire pwoteksyon fanm ak tifi menm nan eta dijans.
Nan lide poun kontinye goumen kont fenomèn vyolans sou fanm ak tifi nan peyi a, Kolektif Defenseurs Plus mete yon sant d’apèl ijans pou tout fanm ak tifi ki viktim vyolans. Rele, pote plent, mande akonpayman nan twa(3) nimero sa yo : 40 65 33 33 / 40 62 33 33 / 40 68 33 33 sèvis la louvri 24/24 chak jou.
Kowona viris pap fè nou bliye vyolans sou fanm, se yon vyolasyon dwa moun gravman grav epi goumen pou respè dwa fondamantal chak sitwayen ak sitwayèn.

Pòtoprens, 30 avril 2020

Chaïna ÉTIENNE
Responsab Asistans Legal

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :