Défenseurs Plus ankouraje yon chita pale ak pouwa jidisyè a pou evite sistèm jistis la bloke nèt

Kontèks kowona viris la melanje ak ensekirite ki blayi nan peyi a, te déjà lakòz pifo majistra yo te chita lakay yo. Pandan tan sa  pandemi kovid-19  ap fè ravaj nan tout prizon yo an Ayiti. Kolektif Défenseurs Plus ap ankouraje bon jan chita pale ant otorite yo ki nan tèt leta a, nan lide  pou defini bon jan aksyon pou  rive pran responsabilite yo epi bay pouvwa jidisyè yon lot eskanp figi nan kriz sa. Kote jij kapab travay pi byen ak plis konsyans epi pwofesyonalism. Kondisyon ideyal pou sosyete a reprann konfyans nan sistèm jistis la.

Depi plizyè lane, pouwa jidisyè a ap pran gwo pataswèl, li ap fonksyone sou breka. N ap raple tout aktè sosyete a, pandan twa dènye lane sa yo, sityasyon an vin pi degrade avèk feblès estriktirèl ak ekonomik ki blayi nan tout nivo melange nan peyi ak move kondisyon  travay majistra yo. Nou note pwoblèm ensekirite, pwoblèm salè ki pa reprezante anyen ak lòt privilèj ki pa rive jwenn yo.  Sitiyasyon sa yo pouse  magistra yo mete yon asosyasyon k ap batay pou bon jan amelyorasyon kondisyon travay yo. Sitiyasyon grefye yo pa diferan, se pou sa  asosyasyon grefye  yo te tanmen yon seri mobilizasyon kite paralize preske tout aktivite  tribinal yo pandan yon bon pati nan lane 2018 ak 2019. Sitiyasyon sa yo fè jistisyab yo soufri anpil, sitou moun ki nan detensyon prevantiv pwolonje.

Défenseurs Plus ap kontinye atire atansyon lotorite Leta yo sou tout  pwoblèm  ki paralize sistèm jistisyè a pi plis, sa ki fè sitwayen yo pa fè la jistis konfyans. Malgre lwa ki  rive pote Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) nan tèt pouwa sa a, Défenseurs Plus konstate genyen anpil jefò ki dwe kontinye fèt pou pouvwa jidisyè a rive granmoun tèt li  epi  fonktyone nòmal tout bon vre nan enterè jistisyab yo.

Défenseurs Plus, kòm òganizasyon dwa moun, yon lòt fwa mande lotorite nan Leta a chita pale ak majistra yo epi grefye yo nan respè endepandans chak pouvwa yo, yon fason pou evite  pandemi  Covid -19 la touye plis moun andedan prizon yo. Sitou lè n konnen 80 sou chak 100 nan moun sa yo nan detansyon prevantiv pwolonje. Anpil nan yo pa jwenn chans pou parèt devan jij pou yo konnen santans yo oubyen pou yo jwenn liberasyon yo.

Défenseurs Plus ap raple kèk prizonye deja  koumanse mouri ak maladi kowona nan plizyè prizon nan peyi a (Potoprens, Ti Gwav ak Jakmèl pou site sa yo sèlman). Se pousa kolektif Défenseurs Plus ap kontinye kleyonnen lanbi pawol dwa moun nan zorèy lotorite yo pou pran bonjan desizyon avan sitiyasyon moun nan prizon yo amelyore epi pou lajistis jwenn resous nan bidjè Repiblik la pou l fonksyon nan tout transparans ak endepandans.

 

Potoprens, 18 jen 2020

 

Samendina L. JEAN

Responsab Kominikasyon

(509) 4737 6960

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :