Defi e responsabilite : Kolektif Défenseurs Plus vle raple polis nasyonal peyi a youn nan misyon li genyen se pwoteje popilasyon an

Kolektif Défenseurs Plus  ki se yon òganizasyon k ap fè pwomosyon e defann dwa moun vle raple polis nasyonal peyi a youn nan misyon prensipal li genyen se pwoteje popilasyon an. Défenseurs Plus ap raple òganizasyon dwa moun yo pa la pou anpeche okenn entèvansyon polis la dwe fè pou pote solisyon kont moun k’ap fè zak malonèt bandi ak zam tout kalte. Men se pa pou otan entèvansyon yo dwe fèt nan fason pou fè viktim nan polipalsyon an. Entèvansyon ki pou fèt yo dwe pwoteje tout moun, sitou moun ki inosan yo
Depi plis pase twa lane, antre sid kapital la, ap viv gwo moman tansyon kote nèg ak zam ap simen latwoublay. Zòn nan vin tounen kafou lanmò. Sitiyasyon sa montre a klè nesesite pou Leta reyaji, pou l garanti dwa lavi chak grenn sitwayen k ap viv oubyen pase nan zòn sa. Men  Défenseurs Plus rete atache ak prensip fondalnatal nan eta de dwa ki se rèspè ak garanti dwa fondalnatal chak grenn moun kap viv sou teritwa. Se nan sans sa, l ap ankouraje chak travay polis nasyonal la ap fè pou pèmèt ensekirite a kaba, dwe respekte dwa lavi chak moun yo, ki se viktim move sistèm gouvènans peyi a konnen dènye lane sa yo.
Li ap kontinye ankouraje tout mwayen ki mete anplas pou konbat ensekirite. Popilasyon ayisyèn nan bouke viv sou presyon epi twòp moun pèdi lavi yo, chak grenn vi enpòtan. Konstitisyon peyi a fè Leta obligasyon pou pwoteje lavi tout moun e pèmèt moun viv an sekirite (atik 19 Konstitisyon an). Men li mande Leta chak mwayen sa yo dwe pran nan respè dwa moun paske, daprè la lwa ak konvansyon entènasyonal yo, Leta se premye enstans pou garanti dwa moun.
Défenseurs Plus ap fini pou raple Polis nasyonal la dwe enspire popilasyon an konfyans. Li ankouraje responsab enstitisyon repiblikèn sila a, pou travay men nan men ak popilasyon an pou kwape nèg ak zam, epi moun ki konplis yo. Konsa, popilasyon an ap viv san kè sote. Pi bon mwayen ak estrateji byen defini, se sa k’ap ede lapè tabli nan popilasyon an.

Pòtoprens, 11 Me 2020

Me. Jemps DÉRALUS
Responsab Afè Jiridik
509 3748 22 18

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :