Kolektif « Défenseurs Plus » lanse yon alèt pou denonse move pratik nan prizon sivil Kwadèboukè

Twaka prizonye nan detansyon twò pwolonje Ayiti. Malerezman, sitiyasyon sa ap boujonnen depi byen lontan nan peyi a e Leta pa gen fòs ak volonte pou l chanje sa. Sitiyasyon sa a kache dèyè l anpil vyolasyon dwa moun ak enkapasite otorite jidisyè yo pou yo trete dosye detni yo nan delè lalwa prevwa pou sa. Move tretman, mal manje, pa gen aksè ak swen medikal, se tout sa yo prizonye ki nan prizon Kwadèboukè ap sibi chak jou ki jou. Dwa yo ak diyite yo pase anba pye chak jou alòske Leta gen obligasyon legal ak konvansyonèl pou l pwoteje epi respekte dwa yo. « Défenseurs Plus » ki se yon òganizasyon k ap defann dwa moun, santi l endinye devan mizè prizonye yo ap viv andedan prizon sila.

Selon enfòmasyon ki rive jwenn « Défenseurs Plus » e nou ka fè konfyans, prizonye yo ap monte lesyèl pa do andedan prizon Kwadèboukè depi 31 desanm 2021. Chak 3 a 4 jou yo jwenn yon ti dlo pou yo bwè, yon jou pou chak kare pa semèn (gen 4 kare plis dispansè a kifè 5). Pou afè manje a, se yon fwa pa jou yo manje, dèfwa yo pase jounen san manje. Pifò prizonye andedan an gen pwoblèm pou jwenn atik twalèt, epi rad yo paka lave. Depi plizyè mwa,  fòs twalèt prizon an plen. Responsab yo pa fè swuivi pou Jedco netwaye twalèt yo. Bèt anvayi selil kote prizonye yo ye, tankou nan kare Azi ak Erop, epi nan palwa prizon an.

Depi plizyè mwa, prizon Kwadèboukè a pa gen vizit fanmi. Gen prizonye ki ta pèdi lavi yo nan move kondisyon san pa gen swivi legal ki fèt pou fanmi yo ta okouran. Genyen ki mouri aprè yo fin pran bal jou ki te 31 desanm 2021 an, genyen ki mouri paske yo pa jwenn manje, genyen ki mouri paske yo malad e pa jwenn annkenn medikaman ak pèsonèl sante pou pran swen yo kòmsadwa. Fenomèn ensekirite nan Kwadèboukè lakoz kèk fanmi pa pran chans vini ditou, menm pou pran nouvèl pwòch yo ki nan prizon an.

De 31 desanm 2021 rive mwa fevriye 2022 a, enfimyè pat vin travay. Sa lakoz anpil prizonye malad, sante yo vin anpire. Menm lè pou mwa fevriye a, gen enfimyè ki vini, yo paka travay paske pa gen medikaman e annkenn lòt materyèl. Gen prizonye ki ta sipoze ap swiv doktè, sa pa rive fèt. Genyen ki te pran bal jou 31 desanm 2021 an pandan te gen dezòd yo, ki rete ak bal la nan kò yo san okenn entèvansyon medikal. Gen plizyè prizonye ki pèdi lavi yo nan dispansè a. Prizonye yo reklame te paske gen anpil ka grip, fyèv, dyare andedan an, men se sèl sila yo ki gen kontak kuizin nan ki arive jwenn te pou yo bwè kèk fwa. Kòm pinisyon pou sa ki te rive 31 desanm 2021 an, yo pa bouyi te pou yo ankò.

Nan mwa janvye a, mesye dam Administrasyon Penitansyè Nasyonal (APENA) ki nan ekip penitansyè entèvansyon ak eskòt (EPINES) yo, ta rantre nan lakou prizon an ak gwo zam, simaye bal pou fè prizonye yo pè. Pou prèv, enfòmasyon yo mansyone mi kare Amerik  la ki gen tou bal yo. Gen rimè ki fè konnen gen prizonye ki gen zam sere nan prizon an. Pandan tantativ 31desanm pase a, menm prizonye fizye prizonye pou rezon pèsonèl yo. Pou kounya, anpil prizonye nan prizon sila santi vi yo menase fas ak lòt prizonye e fas ak kèk ajan ki ta  egzekite prizonye jou ki te 31 desanm 2021 an.

Selon enfòmasyon ki jwenn « Défenseurs Plus », youn nan rezon ki te koz dram nan prizon an 31 desanm nan, se paske gen prizonye ki konstate yo kenbe yo nan prizon an san okenn demach pa fèt pou yo jije. Pa gen machin pou mennen yo tribinal, swivi pa fèt lajistis a koz ensekirite ki nan zòn nan. Plizyè te konsanti pou mete tèt yo deyò. Yon mouvman ki te dwe fèt depi mwa novanm selon enfòmasyon yo k ap sikile andedan prizon e Lapolis te okouran de sa. Te gen zam ki te rete kache nan kèk selil depi 25 fevriye 2021 lè te genyen dènye evazyon an. Pifò zam yo te gentan andedan an selon enfòmasyon kèk prizonye.

Kolektif « Défenseurs Plus » enkyete fas ak ensekirite ki blayi andedan prizon an, e fas ak fason prizonye ap viv nan prizon an. Li lanse alèt bay otorite nan gouvènman an pou pran sitiyasyon prizon an o serye. Nan sousi pou sa pa dejenere e pou yo pa pèdi kontwòl prizon an nèt. Leta gen obligasyon pou l pwoteje lavi moun ki nan prizon sivil epi rann kont bay fanmi yo sou eta sante fizik ak sikolojik yo. Se yon garanti nan konstitisyon 1987 la epi ki enskri nan Pak entènasyonal sou dwa sivil ak politik Ayiti siyen epi ratifye devan Nasyonzini depi nan lane 1991.

Kolektif « Défenseurs Plus » ap raple Leta ayisyen pou yo pran responsabilite yo sou problèm detansyon ki twò pwolonje nan peyi a, pandan yap ranfòse sistèm jistis la, pandan yap etabli sekirite nan jiridiksyon Kwadèboukè pou fasilite demach yo devan tribinal ak Pakè a. E lap pwofite mande ak otorite responsab DAP yo, pou yo gen yon konpòtman responsab nan sa ki gen a wè ak jesyon prizon andedan peyi a.

 

Pòtoprens, 2 Mas 2022

 

Chaïna ÉTIENNE

Direktris Program yo

Tel : 509 38 92 7055

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :