Kolektif « Défenseurs Plus » rele anmwe kont fenomèn kidnapin k ap vale teren nan peyi Dayiti

Kidnapin se yon aksyon kriminèl yon individi fè sou yon lòt moun nan lide pou fè lajan sou paran, fanmi ak zanmi viktim nan. Depi nan lane 2020 pou rive jounen jodi a, « Défenseurs Plus », konstate bandi ak zam pa janm sispann simen laperèz lakay pèp ayisyen an, patikilyèman moun k ap viv nan zòn Pòtoprens lan. Selon yon rapò Nasyon Zini fè, ki sòti 11 fevrye 2021 an, kidnapin nan monte 200% pandan lane 2020 an. « Défenseurs Plus » ap raple, li monitore plis pase mil (1000) ka kidnapin ak tantativ kidnapin pandan ane 2020 an. Enfòmasyon sa yo pibliye nan rapò anyèl òganizasyon an epi bay detay sou sous yo.
Lè n ap byen analize fenomèn kidnapin nan, okenn moun pa epanye : kit ou gen lajan, kit ou pa gen lajan, kit ou se gason, kit ou se fanm, elèv lekòl menm se pa pale…Se yon dosye ki konsène tout moun. Se poutèt sa, « Défenseurs Plus » kriye byen fò yon lòt fwa ankò pou l di Leta pran responsabilite l paske pèp la pa kapab ankò. Sitiyasyon sa a debouche sou vyolasyon Dwa fondamantal ak libète endividyèl yo.
Nan konsta nou fè pandan komansman ane 2021 an, fenomèn sila a pran yon lòt dimansyon. Timoun pa sispan viktim. Nou tout konnen Timoun dwe jwenn bon jan pwoteksyon ak ankadreman, jan sa di klèman nan konvansyon entènasyonal sou Dwa Timoun Ayiti ratifye nan lane 1994. Lontan lè yon elèv nan lari, tout moun te konn pwoteje yo tankou : travèse yo lari, ede yo si yo nan bezwen, kouri dèyè yo si y ap fè dezòd, men kounye a se yon lòt koze paske yo pa epanye anba men bandi ak zam mal entansyone k ap mete lavi yo ak sante mantal yo an danje. « Défenseurs Plus » di ase. Gouvèman an, lapolis ak lajistis dwe pran responsabilite yo devan sitiyasyon malouk sa a.
Lè nou fè yon ti founi je gade sou jan ayisyen ap viv, nou wè tout moun pè moun nan peyi a paske kidnapè oubyen bandi pa ekri sou figi okenn moun. Nan sans sa a, tout aktivite preske
paralize ak koze kidnapin sa. Nou ka raple nou ka kidnapin ki te fèt sou yon ti pitit 5 lane bandi yo menm rive asasinen l, nou gen ka profesè Abdias Edumé moun ak zam kidnape devan lakay li. Gen plizyè lòt ka ki pa fè bri men fanmi viktim yo ap soufri anpil. Ajoute sou sa, yo rive kidnape 2 dominiken ak yon ayisyen nan jou samdi ki te 20 fevriye 2021 an. « Défenseurs Plus » envite tout moun mete ansanm pou egzije Leta bay popilasyon an sekirite paske lè yon group ap sipòte viktim p al, yon lòt group ap viktim nan menm moman an.
« Défenseurs Plus » nan kad travay li ki se fè promosyon ak defann dwa moun nan peyi a di non ak sitiyasyon sila. Li mande Leta Ayisyen pou garanti sekirite popilasyon an pou viv jan sa dwe fèt, jan sa di nan atik 19 konstitisyon 1987 la. « Défenseurs Plus » pwofite mande popilasyon an pou li rete vijilan epi fè solidarite pou kwape tout zak kidnapin nan peyi Dayiti.

 

Pòtoprens, madi 23 fevriye 2021

Chaïna ÉTIENNE
Responsab Asistans Legal
509 3892 70 55

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :