defenseursplus@gmail.com
(+509) 2918 55-59 / 3715-7299
#39A, Ri Baussan, Tijè, Pòtoprens, Ayiti

Dife nan Mache Klini Kap Ayisyen : Défenseurs Plus kanpe ak viktim yo epi egzije Leta pran responsabilite l

26 Jan 2026
Administrateur
kominike pou laprès

Kolektif Défenseurs Plus eksprime solidarite l san kondisyon ak tout machann yo (fanm kou gason) ki viktim nan gwo dife ki ravaje mache piblik vil Okap la, nan lannwit samdi 24 janvye 2026 la. Daprè imaj k ap sikile yo ak rapò obsèvatè dwa moun yo sou teren an, nou konstate yon sèn devastasyon total : byen materyèl pèdi, panik ak gwo detrès nan mitan machann yo, espesyalman fanm yo ki depann sèlman de aktivite sa yo pou pran swen fanmi yo. Zak sa a pa sèlman yon katastwòf ekonomik, se sitou yon vyolasyon grav dwa moun, patikilyèman : dwa pou moun viv ak diyite ; dwa pou moun travay epi gen mwayen pou yo viv ; dwa pou sekirite ak pwoteksyon Leta dwe bay chak moun nan peyi a.

Nan yon kontèks kote ensekirite, neglijans otorite yo ak absans mezi prevansyon ap fini ak popilasyon an. Mache sa a ki boule a vin agrave mizè sosyal ak ekonomik plizyè santèn fanmi nan depatman Nò a. Poutèt sa, Kolektif Défenseurs Plus :  

  1.  Kondane ak tout fòs li nenpòt fòm neglijans, konplisite oswa echèk nan men otorite yo ki lakòz trajedi sa a.
  2.  Mande pou gen yon ankèt endepandan, serye epi transparan ki louvri prese prese pou idantifye moun ki responsab zak sa yo, kit se pa aksyon dirèk oswa ki fè neglijans.
  3. Egzije Leta ayisyen, atravè otorite lokal ak santral yo, pou yo pran responsablite yo nan bay viktim yo bon jan akonpayman legal, sosyal ak sikolojik. Pandan y ap mete sou pye mezi prese prese pou soutni machann yo tankou espas pwovizwa ak aksè ak prè finansye, san bliye garanti sekirite ak modènizasyon espas mache yo pou evite kalite malè sa yo rive ankò.

Kolektif Défenseurs Plus raple Leta ayisyen, daprè Konstitisyon an ak konvansyon entènasyonal Ayiti siyen yo, li gen obligasyon pou pwoteje lavi ak byen moun, sitou sa ki pi vilnerab yo.

Kolektif Défenseurs Plus rete mobilize pou l kontinye dokimante tout vyolasyon dwa moun ki lye ak evènman sa a, akonpaye viktim yo nan demach legal pou yo jwenn jistis epi kontinye fè pledwaye pou Leta respekte angajman l genyen anvè popilasyon an.

 

Pòtoprens, 26 janvye 2026

 

Ulrick TINTIN

Responsab Zafè Jiridik

Tags
Dwa moun Kap ayisyen mache

Kòmantè

Pa gen kòmantè ankò.
Kite yon kòmantè