Kolektif Défenseurs Plus, òganizasyon k ap defann dwa moun nan peyi d Ayiti, ap swiv ak anpil atansyon operasyon Polis Nasyonal la (PNH) ap mennen depi kèk jou nan divès zòn nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens la, patikilyèman nan Matisan, anba lavil la ak lòt zòn ki anba kontwòl gang ame yo. Kolektif la kwè li nesesè pou l kominike pozisyon li sou pwen sa.
Kolektif Défenseurs Plus felisite kouraj ajan polisye yo, ki, malgre kondisyon travay difisil, ap fè efò pou reprann kontwòl teritwa ki anba men gwoup ame yo. Kolektif la ankouraje Lapolis kontinye travay ak pwofesyonalis nan moman operasyon sa yo, pou pèmèt sitwayen yo reprann dwa yo pou yo kapab sikile lib e libè, san kè sote nan tout peyi a.
Yon lòt kote, pandan l ap sipòte fòs lòd yo nan misyon yo, Défenseurs Plus ap sonnen klòch li pou sekirite inosan yo pandan entèvansyon sila yo. Nou mande kòmandman an chèf PNH la :
Nan menm lojik sa a, nou aprann avèk regrè gen inosan nan popilasyon sivil la ki deja viktim pandan afwontman Lapolis ak gwoup ame yo. Nou gen yon panse espesyal pou timoun ki viktim yo, pandan operasyon semèn 9 pou rive 13 mas 2026 la, pami yo timoun ak inifòm lekòl.
Kolektif la pran nòt tou sou arestasyon plizyè polisye Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) rive mete anba kòd pou sispèk posiblite konplisite yo ak gang. Nou kwè operasyon « netwayaj » sa a esansyèl. Yon lapolis ki djanm se yon lapolis ki san tach. Nou mande pou ankèt sa yo rive nan bout yo pou tout move grenn ki nan kò a jwenn sanksyon lalwa prevwa pou yo.
Kolektif Défenseurs Plus rete kwè batay kont ensekirite a dwe makonnen ak yon volonte politik djanm, pou rann jistis bay viktim yo. Kolektif la tou pwofite mande otorite Leta Ayisyen yo, pou yo bay PNH la tout mwayen teknik ak materyèl nesesè, pou yo rive demanbre tout fwaye gang ki nan peyi a, san rate youn.
Vandredi 12 mas 2026
Myriame JEAN
Responsab Aks Devlopman ak Dwa Moun