defenseursplus@gmail.com
(+509) 2918 55-59 / 3715-7299
#39A, Ri Baussan, Tijè, Pòtoprens, Ayiti

Plèn Kildesak anba latèrè: Leta ayisyen lage popilasyon an bay kriminèl yo

13 May 2026
Administrateur
kominike pou laprès

Kolektif Défenseurs Plus leve vwa li ak anpil endiyasyon, yon lòt fwa ankò, devan sitiyasyon mechanste ak malè san parèy plizyè milye abitan nan Plèn Kildesak ap sibi depi plis pase yon mwa, anba atak gang ame k ap goumen pou kontwòl teritwa. Malgre alèt ak apèl popilasyon an, mete sou pa  nou kòm òganizasyon dwa moun nan peyi a, Leta ayisyen rete ap gade, san li pa pran okenn dispozisyon serye pou sove lavi moun sa yo ki nan gwo difikilte. Jounen jodi a, yon seri katye tankou Masyal, Divivye, Blancha, Tè Nwa, Do Rigòl ak Pyè Sis tounen veritab tèren batay pou gè gang ame yo. Sa ki lakoz popilasyon  sivil la ki san defans ap mouri anba bal, lòt ap blese, kay ap boule, byen ap piye; pandan fanmi yo oblije kouri kite lakay yo pou al dòmi nan lari, lakay pwòch yo oswa nan kan deplase ki deja debòde ak moun ki nan kouri.

Kolektif Défenseurs Plus denonse ak tout fòs li silans koupab ak neglijans kriminèl otorite leta yo ki lage popilasyon an ap viv anba laterè pandan gang yo kontinye ap fè lalwa nan zòn nan. Malgre prezans plizyè fòs sekirite tankou Polis nasyonal (PNH), Fòs Lame d Ayiti (FAD’H) ak Fòs entènasyonal la (FSG) sou teritwa a, okenn mezi konkrè pa janm pran pou reprann kontwòl zòn sa yo ki tonbe anba men gang depi plizyè lane. 

Sa k ap pase nan Plèn Kildesak la montre klè echèk total Leta ayisyen ki pa kapab garanti dwa fondamantal sitwayen yo, tankou dwa pou viv ak dwa pou sekirite. Gouvènman an pa kapab kontinye fèmen je sou soufrans popilasyon an pandan menm sila ki pi vilnerab yo tankou fanm, timoun ak granmoun ap viktim chak jou anba zak vyolans gang ame yo. Leta dwe aj pou zak sa yo sispann.

Jodi a plizyè santèn fanmi ap viv nan kondisyon ki pa respekte diyite ak valè jan sa dwe ye selon prensib ki tabli nan konstitisyon 1987 la ak enstiman entènasyonal Ayiti siyen sou dwa moun yo. Gen timoun ki pa ka ale lekòl ankò, manman ak papa k ap dòmi nan lari, moun ki pèdi tout sa yo te genyen pandan otorite leta yo kontinye ap montre yo pa gen okenn volonte reyèl pou mete fen nan seri trajedi sa yo.

Kolektif Défenseurs Plus konsidere Leta ayisyen kòm premye responsab dirèk dram imanitè sa yo akoz mank aksyon, enkonpetans ak abandon li montre devan sitiyasyon k ap pase yo. 

Kolektif Défenseurs Plus ap kontinye egzije :

  • Entèvansyon rapid, serye pou reprann kontwòl zòn gang yo okipe yo ;
  • Pwoteksyon imedya pou popilasyon sivil la ; 
  • Asistans imanitè ijans pou fanmi ki deplase yo ;
  • Swen medikal ak sipò sikolojik pou viktim yo ;
  • Ankèt serye sou tout zak kriminèl k ap fèt kont popilasyon an.

Kolektif Défenseurs Plus mande tout òganizasyon dwa moun, sosyete sivil la ak kominote entènasyonal la pou yo sispann rete an silans devan masak ak soufrans popilasyon Plèn Kildesak la, pami anpil lòt.

 

Pòtoprens, 13 me 2026

Ulrick TINTIN
Responsab zafè Jiridik 

Kòmantè

Pa gen kòmantè ankò.
Kite yon kòmantè