defenseursplus@gmail.com
(+509) 2918 55-59 / 3715-7299
#39A, Ri Baussan, Tijè, Pòtoprens, Ayiti

Vyolans sou popilasyon sivil la nan Laplèn: Kolektif Défenseurs Plus ap egzije Leta pou l pran responsablite l

21 Apr 2026
Administrateur
kominike pou laprès

Kolektif Défenseurs Plus denonse epi kondane ak tout fòs li nouvo vag vyolans ki eklate nan zòn Plenn Kildesak la pandan wikenn lan. Batay nan mitan gang ame yo deja lakòz plizyè moun pèdi lavi yo, pandan anpil lòt oblije kouri kite lakay yo anba gwo laperèz, malgre anpil nan yo pa gen okenn lòt kote pou yo ale. Sitiyasyon tèt chaje sa a vin agrave kriz imanitè a epi ogmante kantite moun ki deplase anndan peyi a. Moun sa yo al ogmante lis sila yo k ap viv nan kondisyon ki pa apwopriye epi ki depaman ak tout prensip diyite moun.

Briganday sa yo pa fèt konsa konsa. Yo se konsekans dirèk absans otorite piblik efikas ak yon Leta ki pa ranpli obligasyon fondamantal li yo kòmsadwa, tankou: garanti sekirite, pwoteje lavi, epi asire respè dwa chak moun ki sou teritwa ayisyen an, san eksepsyon. Kolektif Défenseurs Plus raple dwa pou moun viv ak sekirite pa yon favè; men pito se yon obligasyon legal ak konstitisyonèl Leta genyen anvè popilasyon an. Chak fwa vyolans sa yo repete san Leta pa bay yon repons konkrè, sa lakòz nou kesyone egzistans reyèl otorite piblik yo.

Anplis de sa, Kolektif la kwè li ijan pou gen yon koperasyon solid nan nivo sekirite a. Nou lanse yon apèl solanèl bay kominote entènasyonal la pou li akonpanye Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) ak Fòs Lame d Ayiti (FAD’H) atravè estrikti Fòs Represyon Gang (FRG) yo. Li esansyèl pou sipò sa a fèt nan yon kad estratejik ki vize demanbre rezo kriminèl yo tout bon vre, pandan n ap mande pou tout aktè ki enplike nan operasyon sa yo mete respè dwa moun ak pwoteksyon lavi sivil nan sant tout entèvansyon yo. Kominote entènasyonal la dwe pote yon sipò teknik ak lojistik ki pèmèt fòs lòd nou yo efikas san yo pa vyole dwa fondamantal sitwayen yo.

Nan sans sa a, Kolektif Défenseurs Plus ap mande san pèdi tan :

  • Yon entèvansyon efikas ak kowòdone pou retabli lòd ak sekirite nan zòn ki afekte yo ;
  • Yon pwoteksyon imedya pou popilasyon sivil la ki anba menas dirèk gwoup ame yo ;
  • Yon asistans imanitè rapid pou tout moun ki deplase kite kay yo akoz vyolans yo ;
  • Yon repons jidisyè kredib pou idantifye, arete, epi jije otè ak konplis zak kriminèl sa yo.

Kolektif Défenseurs Plus avèti : chak fwa Leta rete bra kwaze san li pa aji, sa pèmèt vyolans yo parèt kòm bagay nòmal. Se sa nou rele enpinite nan gouvènman tranzisyon an. Sa reprezante yon gwo menas pou estabilite sosyal ak respè dwa moun nan peyi a, kote chans pou gen eleksyon nan peyi a avan 2027 vin pi piti. Kolektif Défenseurs Plus ap kontinye angaje l pou l denonse ak dokimante zak malonèt sa yo, epi pote vwa viktim yo nan tout espas kote desizyon ap pran, kit se sou plan nasyonal oswa entènasyonal.

Pòtoprens, 21 avril 2026

 

Ulrick TINTIN
Responsab Zafè Jiridik

Kòmantè

Pa gen kòmantè ankò.
Kite yon kòmantè