(+509) 2918 55-59 / 3715-7299 defenseursplus@gmail.com Webmail

Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl, Défenseurs Plus ap mande liberasyon pou lang kreyòl ayisyen an

 

Dat 28 oktòb la konsakre kòm jounen entasyonal lang ak kilti kreyòl. Se gras ak batay yon seri entèlektyèl, UNESCO (Organisation des Nations Unies pour l’éducation, la science et la Culture) rive rekonèt epi konsakre dat sa pou  selebre ak reflechi sou kilti ak lang ansanm pèp kreyòl  ki nan plizyè espas jewografik nan mond ( karayib  la, nan Amerik latin, Kiba, Brezil , Oseyan endyen…)  Nan okazyon sa, Défenseurs Plus pwofite mete yon pwojektè sou sitiyasyon  lang kreyòl ayisyen an,  ki se youn nan pilye kilti Ayisyen, pandan l ap gade  ki plas Leta bay lang nan difizyon enfòmasyon piblik epitou ki wòl li dwe jwe nan pèmèt pèp ayisyen gen bon jan aksè ak enfòmasyon.

Kilti kreyòl yo pran nesans nan kontèks rezistans ak lit anba dominasyon kolonyal ak sistèm esklavajis Ewopeyen yo te enpoze. Ayiti se youn nan peyi ki te jwe gwo wòl nan devlope estrateji pou akouche rezistans kiltirèl. Jan nou di a, kreyòl ayisyen an, se youn nan pilye kilti pèp ayisyen an poutan, Leta pa janm bay lang manman pèp ayisyen an plas li merite tout bon vre  . Lè nou founi je gade administrasyon piblik la, se preske an fransè enfòmasyon yo difize,  poutan Konstitisyon 1987 amande  nan  atik 5, di san grate tèt peyi a gen 2 lang ofisyèl. Mete sou sa Kreyòl ayisyen an, se lang tout ayisyen pale, alòske se sèlman yon ti minorite zwit ki pale ak konprann fransè kòrèkteman nan peyi an.

 

Kijan pou nou rive tabli yon demokrasi lè se yon ti kras moun ki gen aksè epitou konprann enfòmasyon  tout bon vre. Pifò dokiman fòmèl peyi a ekri nan lang fransè : Lajistis, Labank, Lekòl,  dokiman tankou  jounal ekri (menm jounal ofisyèl peyi), manda lajistis, papye tè, rapò medikal  pou nou site sa yo sèlman. Si tout bon vre Leta vle tabli yon demokrasi, ki bay tout moun menm chans pou reyisi,  ki  pa depaman  ak nannan kilti pèp ayisyen an, fòk  pa gen eksklizyon  nan zafè  kominikasyon ak enfòmasyon. Kidonk, li klè kou dlo kòk  pabò isit ekslizyon kòmanse depi nan chwa lang  Administrasyon piblik kou prive fè pou redije dokiman fòmèl yo.

Malgre kreyasyon Akademi kreyòl ayisyen nan lane 2014, poko gen travay konkrè ki montre Leta vle demokratize epi valorize lang manman pèp ayisyen an, si nou konsidere tout difikilte enstitisyon sa genyen pou li vanse nan pèmèt gen bon jan travay syantifik sou kreyòl ayisyen an.

Défenseurs Plus ap mande Leta, pou li travay nan mannyè pou rann enfòmasyon yo pi aksesib pou popilasyon an si tout bon li vle tabli yon demokrasi ki gen nen nan figil. Pou sa, fòk desizyon pran pou difize tout enfòmasyon nan lang kreyòl ayisyen, ankouraje epi mete mwayen pou tradiksyon dokiman jiridik, pedagojik, literè, syantifik nan lang kreyòl  ayisyen. Epi entansifye aprantisaj lang kreyòl pou plis ayisyen metrize lang lan, konsa n ap ka redrese  eskanp figi l. Fòk lang lan sispann yon mwayen dominasyon pou yon ti gwoup moun, men pou l tounen yon medyòm kominikasyon tout bon pou  ranfòse demokrasi nan peyi a, kidonk patisipasyon  ak entegrasyon  mas la nan lavi peyi a.

 

 

 

Samendina Lumane JEAN

Responsable de Communication

Tél : 509 4737-69-60

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :