Kolektif « Défenseurs Plus » etone wè kòman li fasil pou otorite nan Leta mete lajan disponib pou kanaval òganize fas ak plizyè fòm ensekirite nan peyi a

Se avèk anpil regrè « Défenseurs Plus » ap konstate kòman otorite Leta yo ap fasilite kanaval ki se yon moman plezi alòske yo meprize laperèz ak dèy popilasyon an. Sa gen plizyè semen depi ensekirite a pran yon lòt faz aprè li te gen tan anglobe vòl, masak, vyòl kolektif, brakaj, asasina, elatriye. Kounye a lis la ogmante ak « kidnapping » ki gen anndan l anpil maltretans ak tòtire otaj yo. Otorite yo chwazi fèmen je yo sou soufrans pèp la. Alòske, se yon obligasyon dirijan peyi a genyen pou pwoteje lavi ak byen chak moun nan peyi a.

Kolektif « Défenseurs Plus » sezi wè kòman Prezidan peyi a te deplwaye anpil mwayen pou l sekirize wout pou li travèse al nan kanaval Jakmèl. Wout li sekirize pou li pase al pran plezi li a, se wout popilasyon an ap plenyen chak jou paske bandi ak zam ap atake yo. « Défenseurs Plus » pwofite okazyon sa pou l kesyone kantite inite ki fè pati Lapolis Nasyonal la alòske yo absan nan sekirize popilasyon an ki limenm ap konfwonte ak tout fòm ensekirite nan peyi a. Èske se mwayen ki pa genyen tout bon pou mete plis sekirite nan peyi a oubyen èske se ti gwoup moun yo rele « VIP » yo ki merite jwenn pwoteksyon Lapolis pase majorite popilasyon an ki gen dwa pou jwenn sekirite ak pwoteksyon nan men Leta

« Défenseurs Plus » etone pou l wè menm pou timoun pa gen yon sansiblite ki egziste anndan popilasyon an, espesyalman nan mitan dirijan yo. Se yon move imaj pou tout timoun sa yo mouri boule, toufe e nan soufrans, epi pou de (2) jou aprè, prezidan peyi a wè se kanaval Jakmèl ki merite atansyon l. Yon lòt fwa ankò, sa pwouve ankenn fòm doulè ki sòti nan popilasyon an pa enterese dirijan peyi a.

Kolektif « Défenseurs Plus » ap envite popilasyon an kontinye batay pou sa ki anòmal yo sispann parèt nòmal nan peyi a. Li pa nòmal pou chak grenn moun ap limite sòti yo, pou chak grenn moun pè paske yo ka pa rantre lakay yo, oswa yon pwòch yo. Li pa nòmal pou fanm tounen objè seksyèl pou bandi maltrete. Li pa nòmal pou chak grenn moun pa ka konte sou Lapolis Nasyonal peyi a. Li pa nòmal pou pa gen ankenn aksyon ki fèt pou sekirize popilasyon an. Li pa nòmal pou pèp la pa ka viv tankou moun. Viv nan diyite, nan respè se yon dwa konstitisyonèl ak konvansyonèl. « Défenseurs Plus » mande plis jistis sosyal nan peyi a, pou nou sòti nan sosyete peze souse, miwo miba sa, ki gen pwodwi tout fòm ensekirite ak vyolans kont popilasyon Ayisyèn nan.

 

Pòtoprens, 18 fevriye 2020

 

Chaïna ÉTIENNE

Responsab Asistans Legal

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :