Kolektif « Défenseurs Plus » gen gwo kè sote fas ak pwopagasyon pandemi Kovid-19 la nan plizyè peyi

Depi desanm 2019 espesyalis chinwa yo dekouvri yon viris k ap simaye nan peyi Lachin, yo batizel « nouvo Kowonaviris » oubyen « KOVID-19 ». Maladi sa pa sispann fè ravaj nan mond lan, kote li pwovoke anpil ka kontaminasyon ak ka lanmò. Kolektif « Défenseurs Plus » eksprime enkyetid li genyen si tout fwa viris la ta rantre nan peyi Dayiti.  Li mande popilasyon an pou yo kòmanse adopte konpòtman ki ka anpeche pwopagasyon maladi sa ki vin pandemi daprè sa Òganizasyon Mondyal pou la Sante di.

Se plizyè milye moun ki deja trape Koronaviris la ki pa epanye okenn peyi. E gen plis pase 7 mil moun ki gentan pèdi lavi yo nan espas 3 mwa sèlman, daprè dènye enfòmasyon ki pibliye nan moman  n ap ekri nòt sa a. Nou aprann viris la gentan anvayi plizyè peyi nan kontinan Amerik la tankou Venezyela, Ajantin, Kanada, Kolonbi, Etazini, e pou pi prè nou Repiblik Dominikèn ak Jamayik.  Sa ki fè chak jou nou santi nou plis menase fas ak pandemi sa. Kolektif « Défenseurs Plus » mande otorite yo pou yo pran konsyans fas ak sitiyasyon grav sa a peyi a ka konfronte nan jou kap vini yo pandan nap ankouraje yo pran pi bon jan mezi prevansyon pou anpeche viris la rantre e pwopaje nan peyi a.

« Défenseurs Plus » ap soulinye malgre seri mezi otorite nan leta a pran, anpil moun nan peyi a pa o kouran de danje koronaviris la. N ap pwofite ankouraje kèk sitwayen ak gwoup òganize ki patisipe nan aksyon pou sansibilize plis moun sou danje Koronaviris la reprezante pou peyi a.

Lè n ap gade peyi ki gen gwo enfrastrikti sanitè, teknoloji medikal, nou wè ki kalte dega viris la ap fè lakay yo. Epi lè n ap gade peyi nou an ki toutouni nan koze enfrastrikti sanitè, « Defenseurs Plus » jije li nesesè pou li limen pwojektè sou responsabilite pouvwa anplas la fas ak menas sa a ki pandye sou tèt nou. Pwoteksyon lavi moun se youn nan obligasyon Konstitisyon an fè Leta ayisyen. Pandan popilasyon an ap respekte tout règ lijyèn yo, pandan medya yo, konpayi telefonik yo ak tout asosyasyon ap mache tanmen kanpay sanbilizasyon, Leta a dwe pare pou si nouvo Kowona a ta vini pou simen latwoublay ak dèy nan mitan popilasyon ayisyèn an. Nan sans sa, « Défenseurs Plus » ap atire atansyon otorite yo sou gwoup ki pi vilnerab nan peyi a, tankou ti granmoun yo, fanm ansent, moun andikape, ti moun yo, prizonye ak moun ki gen maladi mantal.

Yon lòt kote, kolektif « Défenseurs Plus » mande otorite yo pou yo respekte prensip Dwa moun nan desizyon y ap pran pandan kriz sanitè Koronaviris la. « Défenseurs Plus » ankouraje Leta fè prevansyon nan mete manje, dlo trete ak medikaman disponib pou si sitiyasyon an vin grav, pou akonpaye popilasyon an.

 

Pòtoprens, 18 mas 2020

Chaïna Étienne

Responsab Asistans legal

509 3892 7055

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :