Kolektif « Défenseurs Plus » kondane ak tout fòs li vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi ki nan depatman Sant peyi Dayiti

ant se youn nan Depatman nan peyi Dayiti kote fanm ak tifi pa sispann sibi zak vyolans. Laskawobas, yon awondisman ki chita kò li nan depatman an ki gen ladan li kat komin, tankou : Laskawobas, Savanèt, Bèladè ak Batis. 4 komin kote fanm ak tifi ap sibi lajounen kou lannwit tout kalite vyolans. Vyolans sa yo vini sou tout fòm, tankou fizik, vèbal, seksyèl elatriye. Kolektif « Défenseurs Plus », ki se yon oganizasyon k ap defan dwa tout moun san patipri, santi yon gro lapèn lè l ap gade jan otorite yo manfouben devan sitiyasyon grav sa k ap simaye lapèn nan kè popilasyon an.

« Défenseurs Plus » konstate pi fò moun k ap viv nan zòn sa yo pa konn kijan ak ki manyè pou yo fè fas ak divès fòm vyolans sa yo. Anpil paran dakò pou pitit yo, ki poko menm gen laj majè, plase ak gro jèn gason aprè yo fin viktim vyòl ki se yon krim lalwa peyi a kondane nan atik 276 Kòd Penal ayisyen an. Gen de fanmi menm, lè yon zak vyòl fèt sou youn nan manb fanmi an, yo met tèt yo ansanm ak vyolè a pou yo kase fèy kouvri sa. Lè  konsa, yo tonbe nan maryaj fòse, oubyen tonbe pran lajan anba tab sa ki lakòz vyolè a rete san okenn pinisyon. Anpil fwa, kèk otorite konnen byen move pratik sa yo, epi yo pa fè anyen pou ede viktim yo jwenn jistis ak reparasyon.

Devan sitiyasyon anòmal sa, kolektif « Défenseurs Plus », santi l boulvèse sou jan y ap trete fanm ak tifi nan Komin sa yo. Nan sans sa, nou pwofite fè konnen vyolans dwè kondane sou kelke swa fòm li ye a e kelke swa moun ki fè l la dwe jwenn sanksyon lalwa, paske vyolasyon sou fanm se yon vyolasyon dwa moun grav selon lwa peyi Dayiti ak konvansyon entènasyonal yo.

« Défenseurs Plus », sezi tande plisyè nan otorite lokal yo konplis zak malonèt sa yo. Anpil nan yo aksepte ak kè kontan lajan pou yo pa pousib oubyen pou yo lage kadejakè yo. Kolektif la ap di byen fò li pa nomal pou jiska prezan moun paka gen aksè ak lajistis anndan peyi Dayiti pou fanm ak tifi ki viktim vyolans. « Défenseurs Plus » pwofite mande ak otorite lokal yo, pou yo pi konsyan ak pi pwofesyonèl nan travay yo, pandan y ap retabli jistis anndan depatman sant lan.  « Défenseurs Plus » mande popilasyon  depatman Sant lan pou yo pa rantre nan lojik je wè bouch pe sa ankò, fok vyolè yo fè fas ak lajistis. Fòk lajistis pran responsabilite l avèk popilasyon Sant lan nan konbat vyolans sou fanm ak tifi, paske dwa fanm se zafè tout moun.

 

Potoprens, jedi 5 mas 2020

 

 

Samedina L. Jean

Responsab kominikasyon

Tel : 47376960

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :