Kolektif « Défenseurs Plus» kondane epi denonse zak sasinay ki fèt sou prezidan Jovenel Moïse, epi mande pou Lajistis fè limyè sou krim san parèy sa

Kolektif « Défenseurs Plus» aprann ak dezolasyon nouvèl sou zak sasinay prezidan JOVENEL MOISE nan lanwit 6 pou louvri 7 jiyè 2021.

Défenseurs Plus, òganizasyon k ap defann dwa moun nan peyi Ayiti rete soude ak respè epi pwoteksyon dwa ak lavi moun. « Défenseurs Plus » konsidere zak babari sila tankou yon avilisman pou souverènte ak senbòl Leta. Li mete feblès enstitisyon polis la toutouni. Yon enstitisyion ki montre li enkapab pou pwoteje lavi prezidan repiblik la ak sitwayen peyi a. Kolektif « Défenseurs Plus », kondane krim sa ak tout fòs li.

Depi kèk tan, sosyete a antre nan yon sèk vyolans, kote lavi moun pa gen okenn valè. Moun mouri sou pil fatra, nan lari tankou mouch. Jodi a nou rive nan limit sistèm enpinite ak enjistis sa ki blayi nan peyi a. Nan kafou sa nou rive la, li ijan pou nou resezi nou, pou dirijan leta yo pran responsablite yo, garanti yon « etat de droit » kote dwa lavi, dwa la sekirite tout sitwayen ak sitwayèn yo respekte jan l make nan tout enstriman jiridik tankou : konstitisyon peyi a, Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun, elt., peyi a vote, siyen, ratifye.

Jodi a se moman pou tout fòs viv nasyon an pran kouraj yo, depase ògèy ak enterè ti gwoup pou jwenn yon solisyon ak kriz k ap fin manje tout pitit peyi a. « Défenseurs Plus» ap raple tout sitwayen ayisyen, se nan moman difisil sa yo, nou kapab rive konstwi yon nasyon ki djanm epi pwospè, jan papa DESSALINES te reve l la. Li tris lè n ap konstate kèk otorite k ap konsilte blan pou konfime oubyen deziyen moun ki pou ranplase defen prezidan. Se pat pou nou te rive nan bese tèt devan lòt nasyon zansèt nou yo te sakrifye vi yo.

Òganis k ap fè pwomosyon epi defann dwa moun nan peyi Dayiti, « Défenseurs Plus », mande tout popilasyon an, òganizasyon nan sosyete sivil la, leve kanpe, mete tèt ansanm pou nou jwenn yon wout ansanm. Vyolans pa fè sans nan demokrasi. Pandan lap mande popilasyon rete veyatif ak tout konze k ap vin pwofite moman twoub sa a pou bay peyi a kou nan do.

« Défenseurs Plus » ap fini pou prezante kondoleyans li ap fanmi Prezidan Jovenel Moïse, pwòch li yo epi swete bon retablisman ak Premye dam nan Martine Moïse.

 

 

Pòtoprens, 12 Jiyè 2021

Antonal MORTIMÉ
Youn nan Direktè yo

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :