Kolektif « Défenseurs Plus » vle atire atansyon sou mezi ki pa respekte pou evite pwopagasyon Korona viris la nan peyi Dayiti

Kolektif « Défenseurs Plus » òganizasyon k ap fè pwomosyon ak defann dwa moun, konstate malgre otorite nan Leta yo anonse gen moun ki trape Koronaviris la sou teritwa nasyonal la, gen anpil mezi ki pa pran pou evite li pwopaje. Anpil moun kontinye pa bay enpòtans ak kominikasyon gouvènman fè sou danje viris la reprezante pou peyi a. Sa rive nan anpil peyi kote moun ap mouri chak jou e kote lopital paka fè anyen pou frennen soufrans moun ki frape ak Korona viris la.
Otorite Leta yo entèdi reyinyon plis pase 10 moun nan yon espas. Poutan transpò piblik yo toujou prèske menm jan, kote moun yo pa vrèman gen espas ki separe yo. « Défenseurs Plus » kwè konpotman neglijan popilasyon ayisyen an ka mennen lwen nan jou k ap vini yo. E li t ap pi bon si Leta ta entèdi transpò piblik sòti nan yon depatman al nan yon lòt, sitou Depatman ki deja gen moun ki malad yo, konsa nou te ka redwui pwopagasyon viris la nan peyi a. Tout moun dwe sonje Ayiti pa gen anpil lopital. Kèk fwa lopital piblik yo pa gen materyèl sifizan pou pran swen malad. Evite miyò pase mande padon.
Nan fason pou ede pèp la respekte prensip yo pou evite maladi a, otorite Leta yo dwe panse a mete dlo disponib pou moun yo ka pa manke dlo, sitou sila yo ki ap viv nan zòn ki vilnerab yo tankou katye popilè ak bidon vil yo. Sa ki ka pèmèt moun yo gade prensip lave men an epi bwè dlo souvan. Yon lòt kote, pou ankouraje moun yo rete lakay yo epi travay lakay yo, li nesesè pou gen kouran nan peyi a. Elektrisite Dayiti (EDH) dwe fè yon efò nan sans sa a pou popilasyon an sispann peye pou blakawout. Pwoblèm « blackout » la dwe preyokipe otorite ki konsène yo.
Kolektif « Défenseurs Plus » espere popilasyon an vin pi konsyan sou danje pandemi Covid-19 la reprezante pou chak moun epi pou nasyon an an jeneral. Li mande pou popilasyon an louvri je l epi chanje konpotman avan moun koumanse mouri pa pil pa pakèt. Li mande pou otorite yo jwe wòl pwotektè nasyon an pou yo evite plis moun gen maladi an, kote yo ap pran bonjan mezi nesesè pou pwoteje lavi chak sitwayen. E sa, nan respè tout dwa fondamantal moun genyen. Menmlè gen pwoblèm nan peyi a sa pa retire obligasyon konstitisyonèl Leta genyen pou l pwoteje chak moun k ap viv sou teritwa nasyonal la.
Nan sans sa a, sitwayen yo, fanm kou gason dwe rete mobilize pou fè Leta respekte dwa fondamantal yo genyen kòm moun. Nou pa dwe bay gouvènman an kat blanch pou l fè sa l vle pandan peyi a te deja nan kriz politik ak ekonomik.
Pwoteje tèt nou se devwa, revandike dwa pou nou viv nan yon etadedwa demokratik se yon dwa moun.

Pòtoprens, 23 mas 2020

Antonal MORTIMÉ
Youn nan Direktè yo

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :