Nan jounen entènasyonal dwa fanm lan, Kolektif « Défenseurs Plus » konstate ak anpil lapèn dwa fanm toujou ap pase anba pye

Nan lokazyon jounen entènasyonal Dwa fanm yo, « Défenseurs Plus » lanse yon apèl pou leta pwoteje Dwa fanm yo nan peyi Dayiti. Respekte Dwa fanm yo se respekte Dwa plis pase 52% moun nan peyi a. Jodi a (2021), Ayiti tounen peyi kote leta enkapab pou pwoteje ak respekte Dwa moun. Ensekirite, krim, vyolans ak diskriminasyon vin tounen mak fabrik sosyete ayisyèn nan, kite deja chita sou pouvwa gason (sosyete patriyaka). Sèl fason pou nou chanje sitiyasyon malouk sa a, se pou plis fanm enplike nan lavi politik peyi a. Pouvwa egzekitif, lajistis ak palman yo pa rete sèlman espas pou gason deside.
« Défenseurs Plus » ki se yon òganizasyon k ap defann dwa tout moun san fòs kote, mande otorite yo pou yo aji prese prese pou dwa fanm vinn yon reyalite andan peyi a. Nan monitoring « Défenseurs Plus » soti depi nan kòmanseman ane an, gen plizyè zak kriminèl ki rive fèt sou plizyè fanm. Nap raple nou nan kòmansman ane a gen plis pase 5 fanm ki rive pèdi lavi yo nan zak vyolans. Madi 2 mas 2021 an yon jèn fanm ki rele Edlie ki tap sot labank te rive mouri anba bal nan komin Petyonvil. 3 mas pase a, nan mitan jounen an, bandi san fwa ni lwa blese ak bal yon fanm ansent sou chanmas. . . « Défenseurs Plus » konstate kijan lavi fanm yo pa vle di anyen ankò nan peyi Dayiti. Kijan vyolans sou fanm vinn yon bagay ki nòmal jis paske se sou fanm vyolans sa yo fèt.
« Défenseurs Plus » mande pou otorite yo, pa fè jounen entènasyonal sa yon jounen kote y ap pale sou fanm sèlman epi pou anyen pa janm fèt, men pou kondisyon lavi fanm yo amelyore. Li profite tou pou l reveye konsyans, chak grenn fanm k ap viv sou tè Dayiti, pou yo konprann yo enpòtan, vwa yo dwe konte, dwa yo dwè respekte, enplikasyon yo nan òganizasyon yo, nan pouvwa leta ak espas ekonomik yo se remèd pou konbat vyolans Dwa fanm yo.

Pòtoprens, Lendi 8 mas 2021

Chaïna ÉTIENNE
Responsab Asistans Legal
Tél : 509 3892 70 55

Tags:

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :