Rèl bay otorite lajistis yo pou libere moun ki nan detansyon prevantiv pwolonje anvan maladi COVID 19 la rive nan sant detansyon yo

Kolektif  Défenseurs Plus, òganizasyon k ap defann epi fè pwomosyon dwa moun lanse yon rèl bay otorite lajistis peyi Dayiti pou libere moun ki nan detansyon prevantiv pwolonje, anba menas COVID 19 la. Aprè 4 semèn depi gouvènman anonse COVID 19 sou teritwa nasyonal la, epi dekrete etadijans sanitè nan peyi a, otorite lajistis yo sèlman fè gwo deklarasyon nan laprès, men yo pa janm pran okenn desizyon pou prizonye yo ak moun k ap tann jijman depi plis pase 2, 5 ak 10 lane nan prizon yo. Alòske, moun sa yo ap viv nan kondisyon ki pa respekte dwa ak diyite yo. Sa ki vyole manman lwa peyi a ak konvansyon entènasyonal sou dwa moun yo. Sitou lè nou konnen si katastròf sanitè sa rive rantre nan prizon yo, dwa pou lasante ak dwa lavi nou jwenn nan atik 4 konvansyon dwa moun ap kontinye pa respekte si Leta pa pran mezi ki apropriye.

Défenseurs Plus pa konprann konpòtman dwayen ak komisè gouvènman yo ki refize fè travay yo nan pran syèj habeas corpus pou deside sou ka moun lajistis kenbe nan prizon ilegalman. Malgre plizyè avoka ak kèk òganizasyon dwa moun fè rekèt pou mande liberasyon enpe moun yo, nou rann nou kont nan jiridiksyon Pòtoprens la, gen anpil patipri nan jan dosye yo ap trete. Kolektif Défenseurs Plus mande jij Bernard Saint Vil ki se dwayen tribinal premye enstans Pòtoprens la, pou l pran responsabilite l kòm jij libète selon konstitisyon 1987 la ak kòd enstriksyon kriminèl la. Menm jan an tou, Défenseurs Plus konstate yon jwèt woule m debò, bò kote Pakè Pòtoprens la ki sanble pa bay twòp enpòtans ak sikilè Premye Minis Joseph Jouthe, ki mande libere moun ki komèt deli minè (ki pa komèt gwo enfraksyon), ki nan detansyon prevantiv pwolonje depi plizyè lane nan peyi a. Ni tou Pakè a  pa swiv rekòmandasyon Minis jistis la nan sans sa a.

Kolektif Défenseurs Plus ap fè tout piblik la konnen, gen dispozisyon legal pou libere moun k ap tann jijman depi plizyè lane nan lalwa peyi Dayiti ak nan konvansyon entènasyonal sou dwa moun yo. Nan sans sa, Défenseurs Plus, kòm òganizasyon dwa moun, te deja ekri yon pwopozisyon bay otorite jidisyè yo sou kritè pou libere moun nan prizon yo ak sant detansyon yo nan peyi a. Défenseurs Plus pwofite salye jefò otorite jidisyè Sen Mak yo fè pou libere plis pase 40 moun nan yon semèn. Poukisa lòt jiridiksyon yo pa pran egzanp sa yo nan lit kont detansyon prevantiv pwolonje a ? Pandan peyi a nan kriz ki menase sante ak lavi prizonye ak moun k ap tann jijman yo, anpil nan yo ta byen renmen al jwenn fanmi yo. Konbyen dwayen, jij ak paketye ki pral responsab lanmò moun nan prizon yo anba maladi COVID 19 la?

Kolektif Défenseurs Plus ap lanse yon apèl ijan bay otorite jidisyè yo nan peyi Dayiti  pou libere moun ki nan detansyon prevantiv pwolonje yo ki reponn ak kritè yo te chwazi yo. Défenseurs Plus egzije transparans nan dezisyon pou evite gwo prezime asasen, kidnapè ak lòt prezime kriminèl (vyolè, trafikan dwòg) soti nan prizon san jije. Se sèl nan yon sosyete ki chita sou jistis nou kapab pwogrese.

 

 

Pòtoprens, 14 avril 2020

 

 

Antonal MORTIMÉ

Youn nan Direktè yo

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :