Kolektif « Défenseurs Plus » mande leta pran responsabilite l aprè katastwof tranbleman tè 14 dawout la kreye nan gran Sid peyi a

Kolektif « Défenseurs Plus » santi li tris anpil devan gwo dega tranbleman tè 14 dawout 2021 an fe nan grand sid peyi a, li profite mande solidarite tout pèp ayisyen an pou travèse moman difisil sila a. Daprè Pwoteksyon Sivil, tranbleman tè manitid 7.2 ki pase jou samdi 14 dawout nan peyi a kite yon bilan pasyèl ki 1297 mò, 5700 blese, 30250 fanmi sinistre, anpil jaden kraze, deboulman tè elatriye.

Òganizasyon k ap defann dwa moun, « Défenseurs Plus » mande solidarite pèp ayisyen nan mete men pou sove lavi ak byen sitwayen yo. Yon solidarite pou pèmèt moun yo pran kouraj nan pataje youn ak lòt jan sa te toujou ye nan mès ak koutim nou kòm yon gran pèp. Tout fwa « Défenseurs Plus », mande otorite yo pou pran responsablite yo, nan kreye kondisyon pou pote swen lasante, lamanjay, pote gwo apwi estriktirèl pou moun yo nan diyite epi nan respè dwa yo. « Défenseurs Plus », ap di atansyon ak tout mannèv chodyè monte sou non timoun kote li pral desann sou do granmoun, pratik sa yo mete nou anreta. Atansyon ak tout politisyen ki pral vle itilize pwoblèm moun yo nan enterè politik yo.

« Défenseurs Plus », vle fè nou sonje, dega sa ki fèt jou 14 dawout 2021 an, se neglijans ak movèz fwa dirijan yo melanje ak mank solidarite elit la ki pa janm mete volonte pou jwenn fòmil viv ansanm, pou sòti peyi a nan sitiyasyon malouk sa. Malgre tranbleman tè 12 janvye 2010 la, ni dirijan ni elit la, pou site sa yo selman, pa chanje konpòtman, se sa ki mennen nou la. Si se pa katastròf natirel, se nou menm ki kreye enstabilite nan kraze brize, nan fè asasina politik, sa ki koz pa janm genyen yon plan devlopman reyèl nan respè nòm yo ki rive mete sou pye. San nou pa bliye koripsyon ak enpinite k ap taye banda jwenn ak enterè pèsonel ti gwoup ki sanble pran devan enterè nasyonal yo.
« Défenseurs Plus » raple nou te ka genyen mwens dega nan moman tranbleman tè. Move desizyon ak gaspiyaj toujou mete nou nan dèyè kamyonèt la. « Défenseurs Plus » mande otorite yo sèvi ak sitiyasyon regretab sa nan pran bon desizyon pou retabli lòd nan respè ak nòm konstriksyon nan peyi a. Kreye mwayen pou yon antant nasyonal pou evite nou detwi pwòp tèt nou kote se pa etranje k’ap dikte nou ki wout pou nou pran ak peyi nou. Défenseurs Plus profite voye senpati bay tout fanmi ki touche pandan katastròf sa epi pran angajman pou l akonpaye popilasyon an nan defann Dwa fondamantal yo ak libète piblik yo.

Pòtoprens, 16 dawout 2021

Samendina Lumane JEAN
Responsab kominikasyon
Tel : 509 47 37 69 60

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :