(+509) 2918 55-59 / 3715-7299 defenseursplus@gmail.com Webmail

Nan okazyon jounen entènasyonal dwa migran yo, Kolektif « Défenseurs Plus » mande Leta ayisyen pou panche plis sou sitiyasyon migran ayisyen yo

Dat 18 desanm nan make jounen entènasyonal migran nan monn lan, depi aprè asanble jeneral Nasyonzini te pwoklame dat sa a nan lane 2000. Yo te pran dat sa, nan lide pou komemore konvansyon entèsyonal sou dwa travay migran ak manm fanmi yo. Nan okazyon sa a, kolektif « Défenseurs Plus », Òganis k ap defann ak fè pwomosyon  dwa moun, pwofite fè yon founi je gade fenomèn migrasyon an epitou atire atansyon piblik la sou kèk aspè espesifik ki konsène migrasyon konpatriyòt ayisyen yo divès kote sou latè.

Pandan tout listwa limanite, te toujou gen moun k ap migre (pati) sa vle di, kite yon teritwa pou al viv sou yon lòt kote. Divès kalte rezon konn eksplike deplasman popilasyon yo. Pafwa se pi bon anviwonman fizik ak sosyal y ap chèche, pafwa se pou lagè moun ap  kouri, pafwa se grangou ak lamizè.  Daprè  Audrey Azoulay, Direktris jeneral UNESCO a, deklare, gen apeprè 258 milyon migran sou latè,  sa vle 3% popilasyon mondyal la ki se moun k ap viv deyò peyi yo. Pou kèlkeswa rezon, ak pwòp volonte yo oubyen fòse, kit yo itilize mwayen regilye oubyen iregilye.

Anpil ekonomis mete yo dakò, pou di migrasyon an se yon atou pou kwasans ak devlopman ekonomik, pou transfè konesans. Yo pote anpil avantaj sosyal ak kiltirèl ni nan sosyete kote yo soti ni kote yo rive. Men anpil fwa akoz  absans bon anviwónman politik ak sosyal, migran yo fè fas ak gwo pwoblèm entegrasyon nan peyi kote y ap viv la. Epi nou konstate ka vyolasyon dwa yo kòm moun ni sou plan sivil ak politik, ni sou plan ekonomik, sosyal ak kiltirèl. Vyolasyon dwa migran yo ak manm fanmi yo kontrè ak ideyal Nasyonzini vle pouswiv nan konvansyon entènasyonal yo epi ki kontrè tou ak Pak mondyal sou migrasyon ki mande pwoteksyon ak respè dwa fondalnatal migran yo kèlkeswa kote yo ye sou tè a.  San konte zenofobi, rasis, chòk kiltirèl, move diskou ki konn pa jwe anfavè kategori moun sa yo nan sosyete kote migran yo rive. Nou ka pran egzanp migran ayisyen yo nan peyi Repiblik Dominikèn, Bayamas, Chili, Brezil, elatriye…

Patou sou latè, genyen ayisyen k ap migre an kantite pou chape pou l anba move, kondisyon lavi. Migrasyon masif yo te tanmen nan peyi Dayiti nan peryòd diktati Duvalier yo kote anpil Ayisyen te pran bato, kanntè epi pase anba fil pou sove kite peyi a akoz vyolans rejim nan. Anplis de sa lamizè ak gwo povrete koripsyon pote nan peyi a fè Ayisyen pati pa pil ak pa pakèt. Aprè gwo tranblemantè ki ravaje peyi a 12 janvye 2010, Ayisyen te migre (pati) anpil sitou nan zòn Amerik Latin nan (Chili, Brezil…).  Sa ki ajoute sou kantite k ap travèse fwontyè a pou janbe al nan peyi Repiblik Dominikèn nan move kondisyon depi yon bon tan, k ap sibi vyolans ak depòtasyon  abitrè chak jou, daprè obsèvasyon enfòmasyon òganizasyon ki travay espesifikman sou migran rapòte.

Selon Direksyon Jeneral Migrasyon, ki fè kontwòl nan distrik santral Repiblik Dominikèn, nan 20 katye ak 10 lòt sektè nan pwovens yo,  yo rive arete 1063 konpatriyòt ayisyen. 84% ladan yo te nan sitiyasyon iregilye, sa ki fè, otorite dominikèn yo depòte konpatriyòt sa yo nan zòn Dajabón ak Elías Piña. Pou mwa novanm 2019 la, depòtasyon Ayisyen yo nan Repiblik Dominikèn ogmante a 10% e pou mwa oktòb la li te atenn 12.5 %.  Peyi Bayamas voye isit anpil Ayisyen tou. Sèlman pou mwa desanm nan, nou konte 112  konpatriyòt Ayisyen yo rapatriye epi plis pase 453 lòt ka rapatriman, depi apre pasaj ouragan Doryann ki fè anpil dega nan peyi Bayamas. Gouvènman bayameyen te manke konsidere ka moun ki pèdi papye yo pandan pasaj siklòn nan sou zile sa a. Sa ki pa kadre ak atik 13 deklarasyon inivèsèl dwa moun yo, ki konsakre libète pou moun chwazi kote pou yo deside viv sou latè.

« Défenseurs Plus » vle raple dirijan politik ayisyen yo, se move lavi, ensekirite, enstabilite politik, mank ledikasyon ak lasewenyay, ki fè anpil Ayisyen blije ap gaye kò toupatou sou latè pou chache lavi miyò. Pafwa nan kondisyon malouk  ki riske lavi yo anpil.  Moun yo kwè rete an Ayiti se deja yon risk pou sa, yo pa gen pwoblèm riske lavi yo pou kite peyi a. Devan reyalite tris sa, Kolektif  Défenseurs Plus ap mande Leta pou voye je gade kondisyon migran ayisyen epi bay akonpayman pou ede sa ki merite chanje estati yo. Epi travay pou kreye yon sosyete enklizif ki gen bon jan kondisyon sosyal ak ekonomik pou anpeche Ayisyen kouri kite peyi yo kenpòt kouman. Ayiti pa dwe rete yon paradi pou yon ti gwoup moun epi tounen lanfè pou majorite a.

 

 

Pòtoprens, 18 desanm 2019

 

Samendina JEAN

Resposab kominikasyon

(509) 4737-6960

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :