Panik total nan antre sid kapital la : « Défenseurs Plus » mande otorite yo pou yo mete yon fen nan rigòl san sa k ap koule chak jou toupatou nan peyi a

Panik total nan antre sid kapital la : « Défenseurs Plus » mande otorite yo pou yo mete yon fen nan rigòl san sa k ap koule chak jou toupatou nan peyi a

Perèz, latwoublay ak lanmò, se sa plizyè moun ki abite nan antre sid kapital Pòtoprens la ap viv depi plis pase 3 jou. Anpil nan yo paka rantre lakay yo akoz bandi ak zam deside lè yo vle ak jan yo vle pou yo fèmen tout yon zòn ki relye 4 depatman ak rès peyi a. Anpil lòt se bri bal sèlman yo ap tande k ap chante lajounen kou lanwit. « Défenseurs Plus » ki se yon òganizasyon k ap defann dwa moun trouve li pa nòmal pou moun ap viv nan kondisyon sa e li pa janm ka konprann kijan otorite yo pa fè anyen sou pwoblèm ensekirite nan peyi a.
Sitiyasyon sa deja lakoz plizyè moun pèdi lavi yo ak plizyè lòt blese. « Défenseurs Plus » aprann ak lapèn, plis pase 5 moun mouri, pami yo yon pwofesè lekòl. Konpòtman manfouben otorite Leta yo devan afrontman gwoup ame yo nan gran ravin ak tibwa lakoz twòp dlo koule nan je popilasyon an. « Défenseurs Plus » pa janm bouke mande otorite yo nan Leta pou yo pran responsablite yo, e pou yo sòti nan silans yo epi pran desizyon korèk pou pwoteje polilasyon an.
Anplis vyolans fizik k ap fèt sou popilasyon sa a, sitiyasyon sa ap gen gwo konsekans sou gwoup pi fèb yo, tankou timoun, moun ki malad, fanm ansent ak ti pòv malere ki oblije deyò chak jou pou yo bouske lavi. Lè n ap konsidere kalite imaj nèg ak gwo zam lage k ap sikile toupatou sou rezo yo, moun k ap rele mande sekou nan radyo, « Défenseurs Plus » kwè sityasyon sa dwe sispann san pèditan.
Otorite Leta yo pa janm pran desizyon pou kontwole pò, ayopò, zòn fwontalye ki se koulwa zam k ap rantre nan peyi a. Pandan nou tout konsyan chak jou bandi yo ap gen pi gwo zam ak pi plis bal pou fè vyolans sou popilasyon an. Anplis, malgre anpil fwa, otorite ladwàn, lapolis ak lajistis sezi yon bann zam k ap rantre nan peyi a deyè do lalwa, popilasyon an pa janm tande yo arete okenn moun, ni yo pa janm site non pèsòn. Sa lese kwè Leta parèt konplis ak sila yo k ap simaye zam nan peyi a pou mete dlo nan je sitwayen ak sitwayèn yo.
Demokrasi mache kole kole ak bon jan kondisyon pou moun viv nan sekirite. Se pou sa, fòk nou jwenn yon solisyon ak ensekirite sa ki gaye toupatou sou teritwa a avan sa rive nan dènye bout li. Fòk moun ki gen gwo enterè politik ak ekonomik yo sispann simaye zam nan katye popilè yo, epi itilize jèn fanm ak jèn gason kòm zouti pou simen latwoublay nan peyi a.

Pòtoprens, 4 jen 2021

Antonal MORTIMÉ
Co-Directeur

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :