January 12, 2010-January 12, 2021

  • January 12, 2021
  • Administrateur
  • 0

12 January 2010-12 January 2021, make 11 lane kote yon gro tranblemandtè te mete dlo nan je ak dèy nan kè anpil ayisyen. Plis pase 200 mil moun pati pou peyi san chapo, 300 mil lòt blese, anpil disparèt, san bliye sila yo k ap viv ak andikap fizik oubyen sikolojik. Dram sa kite yon gou amè nan bouch nou tout.

11 lane apre, kondisyon yo pa miyò atò e nou menm sanble vin pi frajil: pa janm gen bon politik lojman, pyès pwojè rekonstriksyon pa ateri, moun kontinye ap bati nan dezòd san okenn respè kòd konstriksyon an. Moun kontinye ap viv, timoun kontinye al lekòl nan batiman MTPTC you call demolished rapyetè. Poutan n ap viv ak risk pou tè a sekwe kò l nenpòt kilè, nenpòt ki jou. Nou se yon peyi k ap taye banda sou malè!

Nan jou ki te make 10 premye lane deseni depi katastwòf sila te pase (January 12, 2020)Defenders Plus, te òganize yon “unusual march”, nan Pòtoprens, kote nou te itilize makiyaj kòm ekspresyon atistik pou n raple enpak fizik katastwòf sa te gen sou fanmi nou, zanmi nou ak konpatiyòt nou yo; lonje dwèt sou Leta manfouben ki pa pran reskonsabilite l pou ride popilasyon an sispann konpòte l’tankou l te pèdi memwa katastòf 12 janvye 2010 la.

Nan okazyon onzyèm lane komemorasyon dram sa, n ap envite w ou reviv kèk imaj sou aktivite Defenders Plus te reyalize pou make dat sa. Li pwofite voye senpati l bay chak grenn moun ki viktim oubyen ki gen yon pwòch yo ki te viktim. Epi calls for all ayisyen, goumen pou dwa lojman nou respekte, pou rive redwi menas anviwónman an sou nou, pou nou viv tankou moun, pou n sispann konte kadav nou te ka avoid konte.

Leave a Reply

%d bloggers like this: