7 avril, jounen mondyal sante, kolektif« Défenseurs Plus » mande lotorite peyi Dayiti yo pran responsabilite yo pou garanti dwa lasante tout moun

Chak 7 avril anpil peyi nan mond lan toujou selebre dwa lasante pèp yo. Se konsa tou nan peyi Dayiti se toujou yon jounen refleksyon sou dwa lasante sitwayen yo ki pa janm respekte. Kolektif « Défenseurs Plus », ap raple dwa lasante pèp ayisyen an toujou ap vyole, malgre konstitisyon peyi a garanti dwa Lasante nan atik 22. Pa gen ase lopital pou ba yo swen. Depi 2010 nou tanmen konstwiksyon pi gwo lopital peyi a, jis jounen jodia li pa janm fini paske koripsyon gangrennen nan leta e priyorite dirijan yo pa janm baze sou sante popilasyon an. Yon sitiyasyon ki lakoz lopital jeneral dejenere nèt. Pa gen kote pou resevwa malad, pa gen materyèl, pa gen sekirite, anplwaye lopital la paka touche.

Se pa sèl lopital jeneral kap konnen move sitiyasyon sa. Toupatou nan peyi a, kèk grenn sant sante ak dispansè kap louvri pa ka bay bon jan sèvis akoz pa gen materyèl, pa gen ase anplwaye pou akonpanye malad yo. Kolektif « Défenseurs Plus », ap lonje dwèt li nan konstitisyon an pou fè otorite yo sonje nan atik 19 ak 22, tout sitwayen alawonbadè dwe jwi dwa lasante. Anpil lòt Dokiman ofisyèl bay Leta menm obligasyon an tankou Deklarasyon invèsèl dwa moun, Nasyonzini nan lane 1948 ak Pak entènasyonal sou dwa ekonomik, sosyal ak kiltirèl.

Jounen mondyal lasante ane sa rive nan yon peryòd difisil kote lemond ap konnen yon traka ak pandemi kowona viris la depi mwa desanm 2019. Viris ki rele COVID19 la ap layite kòl toupatou sou latè, mete soufrans ak lanmò nan mitan popilasyon mondyal la. E depi 19 mas la, Leta ayisyen deklare viris la rive sou teritwa Ayiti a. Malgre sa, pa gen anpil mezi ki pran pou pwoteje popilasyon an jan sa ta dwe fèt.

Pa bò isit nou gen gwo kè sote sou dega COVID19 la ka fè nan mitan popilasyon ki pi vilnerab yo, lè nou konnen koman sistèm sante peyi a fèb.  Kolektif « Défenseurs Plus » ap klewonnen lanbi nan zorèy otorite peyi Dayiti pou pran bonjan mezi pou kanpe gwo malè pandye sa ki sou tèt peyi a. Li mande pou otorite yo reveye yo paske pita ka pi tris, lèn sonje feblès sistèm sante peyi Dayiti.

Malerezman, « Défenseurs Plus » kontinye ap aprann ke yo pouse do moun lopital ki ta gen sentom kisanble ak COVID 19 la. Se yon bagay ki pa nòmal e ki pwouve yon lòt fwa ankò ke dwa lasante poko respekte nan peyi a. Nou kondane move konpotman sa yo, ki pa mache ak dwa moun.

« Défenseurs Plus » ap kontinye envite tout popilasyon an rete vijilan, swiv règ lijyèn yo, pa fè tèt di, paske COVID19 pa nan jwèt, li ka fè moun soufri, li ka touye moun. Li mande tou, òganizasyon sosyete sivil la, sendika yo, leve kanpe, mobilize, kontinye fè sansibilizasyon tout kote, sitou nan zòn rekile yo.

 

Pòtoprens, 7 avril 2020

 

Antonal MORTIMÉ

Youn nan direktè yo

Leave a Reply

%d bloggers like this: